
In the fight for women's rights, our work is:
Fanm lakay pap janm sispann soufri toutotan yo pa mete tet ansanm epi fe solidarite pou yo voye fanm nan pouvwa a. Si nap gade ki jan toupatou fanm nap soufri nou soufri tout kalite maladi. Le nou di maladi se pa selman doule men se tout pwoblem desepsyon, mize, chomaj, kadejak, baton, diskriminasyon, elatriye. Si n ta pran egzanp eleksyon k sot pase a gouvenman an ak KEP a vle fen vale you metsin chwal ki ame pase fyel bef men nou semante ke kou sa a pap pase. Yo vle kontwole sitiyasyon an pou yo ka bay rezilta pa yo. Se poutet sa yo mete yon fanm nan dezyem tou se paske yo gade fanm tankou bannan mi - sa vle di yo pi feb depi yo komanse bal presyon lap fe bak. Le sa a yap jwen posiblite pou yo mete moun yo vle a. Le sa a fanm yo pral soufri pi plis. Dwa fanm yo pa respekte se pou sa nou vle pou ta gen fanm fò nan pouvwa a. Si se mesye sa a yo rele Jude Celestin an ki ta vi n pezidan tout fanm nan peyi a pral tounen tochon pye. Nou vle pou le mond antye konnen mesye sa a pap nan avantaj peyi a sitou pou fanm yo.
Fanm nan kan yo di, nou konstate depi aprè rezilta eleksyon an sitiyasyon yo vin pi grav kote plis pitit pèp la kontinye ap mouri, administrasyon piblik nan anpil pwovens ap kraze kote ke sa pral mete nou nan rekomanse toutan. Dejouranjou pwoblèm nou menm fanm nan kan yo ap vin pi di, apre reziltaeleksyon you nou resevwa kout woch, kout boutèy, kote ke vye tant nou konn domi yo fin chire pandan yap revandike pou pouvwa, nou menm fanm nou kontinye ap viktim, peyi a bloke, nou pa gen anyen poun bay pitit nou. Kesyon nap poze, èske politisyen sa yo ap goumen pou pouvwa chanje sitiyasyon pèp la oubyen pou yo chanje sitiyasyon poch yo.
Kote n'ap gade la se kote moun ap dòmi. kote sa se kote yo fè depo chabon pou vann, se la moun yo oblije dòmi ki menm pa bon pou sante yo ki se pousyè chabon an fè li fè yo malad nan sèvo yo. depi tranbleman de tè a fin pase se konsa sityasyon moun sa yo ye jouk jounen jodia.
Ti moso prela sa n'ap gade la li pote non Klinik. li sitiye bizoton 53,nan yon kan ki rele pak chabon. Se yon kote moun yo te konn vann chabon, lè tranbleman de tè fini pase se la moun ki gen kay kraze yo vin mete moso prela pou yo te ka pare lapli ak solèy e se la yo dòmi tou. Lè timoun yo kòmanse malad gen de twa enfimyè kap viv nan menm sit sa, yo te gen kèk materyèl yo vini avèk yo anba ti bout prela sa n'ap gade la epi yo fè yon klinik. Yo pa salè se paske yon gen volonte e yo se manman pitit ki fè yo vinn bay èd yo. Yo pa menm gen ase materyèl pou yo sèvi tout timoun nan kan sa.
Nou gen lapere. Nou paka mache ta, nou pe domi nan nwit, ni lajounen. Violans sou fanm, timoun, kidnaping tribo pa bo. Vole ap tiye nou si yo pa jwen kob sou nou oubyen yo kouche nou.
Nou vle rakonte yon istwa ki pase dimanch ki te 7 novanm. Pandan mwen soti mal we yon zanmim ki malad. Mwen ki te yon ti pitit mwen ak yon vwazin ki tou pre ave m' mezanmi menm ti pitit vwazin lan fe kadejak sou pitit mwen an. Le m' vini atò mwen jwenn li ap kriye lè mande l' map swiv li m' jwenn kilòt li plen san. Laj ti moun mwen li gen 5 an.
An ayiti nou pa gen sa yo rele demokrasi a. Lè nou pran 12 janvye anpil moun ki nan la ri a toujou , pa gen okenn konsène nan peyi a ki di anyen ak ti rès moun ki vivan yo . Yo fè kòmsi yo pa konnen sak te pase a , epi yap pale de eleksyon eske la gen demokrasi vre?
Democracy in Haiti
In Haiti we don’t have what people call democracy. Look at what happened on January 12th and we still have tons of people living in the streets. No one in the government cares about those of us who survived. They act as if they don't know what happened and they are talking about elections. Is this really democracy?
Agent from Route 9, Cite Soleil
Se te lendi 1 novanm vè 6 zè di swa mwen te chita devan lakay mwen , te gen yon bann ki tap pase men se kanpay yo tap fè pou yon kandida . Men te gen 5 evade ki te nan foul la , yo te apèsi lapolis tap fè patwouy yo te pè paske yo te gen zam sou yo ,yo te kouri brize chèz ki te devan pòt la; pou lapolis pa arété yo.
Evade prizon yo se ravaj yap fe nan Matisan. Se rantre nan kay moun fe kadejak sou fi ak ti fi vole piye sa moun genyen.
Yo anonse siklon nou menm nan matisan vi nou an danje paske lanme a pwoch nou moun yo bati pre lanme a. Pou moman sa a se moun delma avek moun anwo yo ki asire nan moman siklon nan.
Sete 30 septanb jou 19e anivese KONAMAVID nou te fe yon manifetasyon deavan paket devan ministe lajistis pounn mande jistis pou tout fanm ki victim yo . Depi le sa nap viv ak ke sote ak menas . Chak soi nou domi yon kote . Nou mande pou yo tapran ka nou an konsiderasyon. NOU MANDE JISTIS AK REPARASYON POU TOUT FANM.
Gen 700 moun nan kant mosolee gen 3 latrin et 1 douch . Nou menn fanm le bezyen ale nou kanpe anpil pou nou tann mesye yo. Pa gen sekirite pa gen kouran gen anpil bandi kap viv nan kant yo konn menase nou eh yo fe vyolans sou nou. Gen yon peti sant le nal consilte se achete poun achete medikaman yon lot kote.
Kat se chanmars cote moun apviv. pagenyen dlo epagenyn latrine. elogemen nougenyin bocou problem. nou pacap dormi enba tante. pouale nem douch se nem lari sepabon pasque vacabon afercadejac sounou.Map of Champs de Mars
This map is of Champs de Mars where many people live. We don’t have water or bathrooms and we have many problems with housing. We can’t sleep in the tents. To get to the showers we have to walk through the street where men rape us.
Agent from Champs de Mars
Se Georgette qui vie a Chanmas . Elle a beaucou problem.