mardi 30 novembre 2010

Aktyalite eleksyon 28 novanm nan Matisan

jou ki 28 novan 2010 lan jou eleksyon an nan biwo repiblik perou ki nan matisan , pandan jounen vot la ve 10 ze nan maten te gen moun ki tap voye boutey yo te tire ak zam yo te anpeche moun yo vote. yo tap bayo presyon paske yo pat vle moun vote lot pati ke inite si yon moun pa vle vote inite yo yo fe presyon sou yo, jiskas ke se lapolis ki te vin bay sekirite pou moun yo te ka vote nan lape ak sekirite.

epi nan demen jou ki te 29 novanm nan tegen yon manifestasyon nan lari nan zon matisan te gen moun ki tap manifeste ak foto kandida a la prezidans lan ki te michel joseph martelly yo t bay gwoup manifestan sa yo gaz akrimojen le yo te rive nan matisan 1 men se polisye yo ki te te bay gaz la pou yo te ka fe foul la evakye.

Ajan yo ki nan Matisan
...........................................................


On election day, November 28th, at the Republic of Peru polling station in Martissant people starting throwing rocks, bottles and shooting around 10 am to keep people from voting. Aggressors did want reisdents to vote for any party other than INITE and attacked voters until the police arrived to protect voters and provide security.

On the morning after elections, there were demonstrations in the street in Martissant and people were carrying photos of Michel Joseph Martelly. When the crowd arrived at Martissant 1, National Police began shooting tear gas to break up the crowd.

Agents from Martissant

1 commentaire:

  1. Nou te we anpil pwoblem pandan jounen vot la tou. Se te pa yon eleksyon demoktratik. Fok nou travay pi fo pou fe gouveneman an ak kominote entenasyonal la koute pep la.

    RépondreSupprimer